Main Index: Haitian Creole

 

Levitik 3

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27]

3:1 ¶ Lè yon moun vle ofri bèt pou di Bondye mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo bèf osinon yon vach ki pa gen ankenn enfimite.

3:2 L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.

3:3 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la,

3:4 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo tout nan dife pou Seyè a.

3:5 Pitit Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki te deja sou bwa dife a. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

3:6 ¶ Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen ankenn enfimite.

3:7 Si se yon ti mouton l'ap ofri bay Seyè a, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a,

3:8 l'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' la devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

3:9 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,

3:10 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a.

3:11 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a.

3:12 Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a.

3:13 L'a mete men l' sou tèt li, l'a touye l' la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

3:14 L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la,

3:15 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a.

3:16 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Seyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

3:17 Piga nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.

 


Credit Cards - Loans - Debt Consolidation - Auto Loan - Personal Loan - Free Credit Report
Shop Online at Amazon Astores!
Perfume - Xbox 360 Games - Camera Lenses - Camera Lens - Office Chairs - Golf Clubs - PSP Games - Portable DVD Players - Nintendo DS Lite - Nintendo Wii Games - Xbox 360 - Samsung Phones - Sony Phones - Nokia Phones - Motorola Phones - PS3 Games - Apple iTouch -


Home Online Bible Search Bible Study Tools  
Online Bibles:
Afrikaans Albanian American Standard Basic English Bulgarian Cebuano Chinese Union Croatian
Danish Darby Douay Rehims Dutch Finnish French Darby Haitian Creole Hungarian
Indonesian Italian King James Korean Maori Modern Greek Norwegian Portuguese
Russian Spanish Swedish Thai Vietnamese Webster World English Youngs

Online Dictionaries: Easton's Bible Dictionary

       


Credit Consolidation - Wordpress Themes - Balance Transfer Credit Card - Luton computer repairs - Cheat Codes Website Design © 2005-2008