Main Index: Haitian Creole

 

1Istwa 20

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29]

20:1 ¶ Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti al fè lagè, Joab pati ak pifò sòlda lame pèp Izrayèl la. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. Joab pran lavil la, li kraze l'.

20:2 Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn fèt an lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan l'. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete l' sou tèt pa l'. Lèfini, se pa de bagay li pa pran nan lavil la.

20:3 Li pran moun ki te rete nan lavil la, li mete yo fè travay ak goyin, wou ak rach. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil peyi Amon an. Apre sa, David tounen lavil Jerizalèm ak tout moun li yo.

20:4 ¶ Apre sa, lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun pèp Izrayèl yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, yon moun lavil Ousa, touye Sipayi, yon moun nan ras Arafa yo. Yo fè moun Filisti yo soumèt devan yo.

20:5 Pandan yon lòt batay ak moun Filisti yo ankò, Elkanan, pitit gason Jayi, touye Lami, frè Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Lami an te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon.

20:6 Vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo.

20:7 Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'.

20:8 Kat sòlda peyi Filisti sa yo te soti nan ras moun Arafa yo, nan lavil Gat. David ak sòlda li yo touye yo.

 


Credit Cards - Loans - Debt Consolidation - Auto Loan - Personal Loan - Free Credit Report
Shop Online at Amazon Astores!
Perfume - Xbox 360 Games - Camera Lenses - Camera Lens - Office Chairs - Golf Clubs - PSP Games - Portable DVD Players - Nintendo DS Lite - Nintendo Wii Games - Xbox 360 - Samsung Phones - Sony Phones - Nokia Phones - Motorola Phones - PS3 Games - Apple iTouch -


Home Online Bible Search Bible Study Tools  
Online Bibles:
Afrikaans Albanian American Standard Basic English Bulgarian Cebuano Chinese Union Croatian
Danish Darby Douay Rehims Dutch Finnish French Darby Haitian Creole Hungarian
Indonesian Italian King James Korean Maori Modern Greek Norwegian Portuguese
Russian Spanish Swedish Thai Vietnamese Webster World English Youngs

Online Dictionaries: Easton's Bible Dictionary

       


Credit Consolidation - Credit Consolidation - Credit Consolidation - NFL Talk Football Forums - Credit Consolidation Website Design © 2005-2008