Main Index: Haitian Creole

 

Ezayi 31

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50] [51] [52] [53] [54] [55] [56] [57] [58] [59] [60] [61] [62] [63] [64] [65] [66]

31:1 ¶ Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.

31:2 Men tou, Seyè a konn sa l'ap fè. L'ap voye malè sou mechan yo, li p'ap chanje pawòl. L'ap pini mechan yo ansanm ak moun k'ap pwoteje mechan yo.

31:3 Moun Lejip yo, se moun yo ye, yo pa bondye. Chwal yo tankou tout chwal. Se pa chwal Bondye voye! Seyè a pral lonje men l', moun k'ap bay pwoteksyon an ap bite, moun k'ap chache pwoteksyon an ap tonbe. Y'ap mouri ansanm!

31:4 Men sa Seyè a di m' ankò: -Menm jan yon gwo lyon osinon yon ti lyon ap gwonde lè li fin pran yon bèt, tout gadò yo te mèt mete ansanm pou goumen ak li, yo te mèt rele, sa p'ap fè l' pè, yo te mèt anpil, sa p'ap kraponnen l', konsa tou, Seyè ki gen tout pouvwa a pral desann pou l' pran defans mòn Siyon an ak ti mòn ki pou li a.

31:5 Menm jan zwezo louvri zèl li anwo nich li pou pwoteje pitit li, konsa tou Seyè ki gen tout pouvwa a pral louvri zèl li pwoteje lavil Jerizalèm. L'ap pwoteje l', l'ap delivre l', l'ap pran defans li, l'ap sove l'.

31:6 ¶ Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen!

31:7 Jou sa a, n'a voye jete tout bann vye zidòl nou te fè an ajan ak an lò ak men plen san nou yo.

31:8 Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l'. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l' yo fè yo tounen esklav.

31:9 Wa a menm pral kouri met deyò sitèlman l'ap pè. Yon sèl latranblad pral pran chèf lagè li yo, y'ap lage drapo yo atè kouri ale. Seyè a pale, se pou li dife k'ap boule sou mòn Siyon an, se pou li gwo boukan ki nan lavil Jerizalèm lan.

 


Credit Cards - Loans - Debt Consolidation - Auto Loan - Personal Loan - Free Credit Report
Shop Online at Amazon Astores!
Perfume - Xbox 360 Games - Camera Lenses - Camera Lens - Office Chairs - Golf Clubs - PSP Games - Portable DVD Players - Nintendo DS Lite - Nintendo Wii Games - Xbox 360 - Samsung Phones - Sony Phones - Nokia Phones - Motorola Phones - PS3 Games - Apple iTouch -


Home Online Bible Search Bible Study Tools  
Online Bibles:
Afrikaans Albanian American Standard Basic English Bulgarian Cebuano Chinese Union Croatian
Danish Darby Douay Rehims Dutch Finnish French Darby Haitian Creole Hungarian
Indonesian Italian King James Korean Maori Modern Greek Norwegian Portuguese
Russian Spanish Swedish Thai Vietnamese Webster World English Youngs

Online Dictionaries: Easton's Bible Dictionary

       


Web Development jobs - Wordpress Themes - Credit Consolidation - Wordpress Theme - Credit Consolidation Website Design © 2005-2008