Main Index: Haitian Creole

 

Ezayi 35

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50] [51] [52] [53] [54] [55] [56] [57] [58] [59] [60] [61] [62] [63] [64] [65] [66]

35:1 ¶ Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.

35:2 Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè.

35:3 Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble!

35:4 Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.

35:5 ¶ Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.

35:6 Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann.

35:7 Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite.

35:8 Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.

35:9 P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò!

35:10 Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!

 


Credit Cards - Loans - Debt Consolidation - Auto Loan - Personal Loan - Free Credit Report
Shop Online at Amazon Astores!
Perfume - Xbox 360 Games - Camera Lenses - Camera Lens - Office Chairs - Golf Clubs - PSP Games - Portable DVD Players - Nintendo DS Lite - Nintendo Wii Games - Xbox 360 - Samsung Phones - Sony Phones - Nokia Phones - Motorola Phones - PS3 Games - Apple iTouch -


Home Online Bible Search Bible Study Tools  
Online Bibles:
Afrikaans Albanian American Standard Basic English Bulgarian Cebuano Chinese Union Croatian
Danish Darby Douay Rehims Dutch Finnish French Darby Haitian Creole Hungarian
Indonesian Italian King James Korean Maori Modern Greek Norwegian Portuguese
Russian Spanish Swedish Thai Vietnamese Webster World English Youngs

Online Dictionaries: Easton's Bible Dictionary

       


Vehicle Tracking System - Credit Consolidation - Kamala Harris - Property in Thailand - Bad Credit Loans Website Design © 2005-2008